Nouvo kòd penal Jovenel Moise la se yon antrav pou idantite nou

otè Serge Joseph
cours cassation

Lamenm dekrè a fin pibliye, tout sektè relijye a leve kanpe alawonnbadè : Pwotèstan tankou Katolik, Pastè tankou Pè pa sispann pran chimen laprès pou denonse byen fò imoralite sa

Nou tout konnen depi lendi ki te13 janvye 2020 an palman ayisyen an pa fonsksyone. Se sak fè depi lè sa Prezidan Jovnèl Moyiz gen otorite pou l gouvènen peyi a ak dekrè. E nou ka konstate ke depi plis pase 2 mwa, gouvènman demagòg Moyiz-Jout la pa sispann adòpte yon seri dekrè ki pa vrèman reflete reyalite pèp ayisyen an. Sa lakoz anpil pwofesyonèl dwa ak anpil lòt pèsonalite nan sosyete a pa met dlo nan bouch yo pou trete dekrè sa yo,ʺdekrè Tèt anbaʺ.

Se vre, te toujou gen kritik, men dekrè ki fè plis pale lakay tout sektè nan sosyete a, sitou lakay kretyen yo, se nouvo kòd penal ki fenk sot pibliye nan dat ki te 24 Jwen 2020 an. Depi lè sa, fanm tankou gason, timoun tankou granmoun, moun andeyò tankou moun lavil, nèg save tankou moun ki pa konn li ak ekri, kretyen tankou vodouyizan … leve tankou se gèp ou pike nan nich yo nan bouda Jovnèl Moyiz. Men se kisa ki lakoz tout soulèvman sa yo ?

Li klè, se paske plizyè atik nan kòd penal la legalize anpil pratik ke sosyete a dyabolize. Ann f on ti gade : atik 275, 277 ak 305 kòd penal la legalize avòtman e desann majorite seksyèl la jiska 15 lane. Sa vle di, la lalwa otorize yon fanm jete timoun e yon granmoun 60 lane ka fè bagay ak yon timoun 15 lane. Dekrè a entèdi ensès sèlman ant paran ak pitit, men tonton ak nyès, tant ak neve, kouzen ak kouzin ka fè bagay lib e libè.

Atik 384 la pèmèt yon minè antre nan pwostitisyon, sa vle di fè bagay pou lajan. Li menm otorize bestyalite ak omoseksyalite, sa vle di moun ka fè bagay ak zannimo e fanm ak fanm, gason ak gason ka marye san pwoblèm. Men se ki mo sosyològ ayisyen yo ka di nan sitiyasyon sa a?

Anpil moun panse kesyon sa se zafè pwofesyonèl dwa yo sèlman, men si wòl dwa se kontwole konpòtman moun kap viv nan yon sosyete ak yon ansanm prensip ki defini sa yo dwe fè ak sa yo pa dwe fè, dwa a dwe aji sou sa sosyolji a ofri l. Tout prensip ki dwe bay yo, pa dwe nan dezagreman ak valè ke moun nan sosyete a pataje ant yo. Sa siyifi ke tout prensip ke dwa ayisyen an ap bay dwe toujou nan lamoni ak valè Ayisyen yo pataje yonn ak lòt.

Tout tatalolo ke dènye dekrè a pwovoke se paske swadizan espesyalis nan dwa kap travay pou gouvènman an inyore si gen yon sosyoloji ayisyen ki anbrase ansanm pratik ak valè ki defini konpòtman sosyete a, jis pou satisfè satisfè yon sèl nonm pou kras. Se sa k fè nou di dekrè sa:

  1. S on dekrè ki souye idantite nou

Entèvansyon sa pa enskri nan yon kad relijye, men se jis yon analiz sosyolojik ki pote anpil klate. E antan ke yon sosyològ angaje, djòb mwen se batay pou defann eskanp moral sosyete a. Paske san moral pa gen sosyete. E chak sosyete gen moral pa li. Sa ki moral pou Ayisyen pa fòseman moral pou yon lòt nasyon. Egzanp : yon ewopeyen pa gen pwoblèm pou l bay cheve l koulè, met zanno, men depi yon jenn gason ta f on bagay konsa an Ayiti, li deja yon ʺti vòlèʺ, ʺti vagabonʺ.

Yon demwazèl an Frans p ap janm nwi pou l ap bo ak menaj li nan yon bis devan tout moun. Men si yon jenn fi isit ta oze fè l, sosyete a gentan wè l tankou s on ʺti pa bonʺ, ʺti bouzenʺ, ʺti finiʺ. Sa se jis pou m di nou, m pa pra l di omoseksyalite, bestyalite, ensès ak pedofili se imoralite pou Lèzatazini, paske sosyete a aksepte pratik sa yo kòm valè. Men pou nou, mezi sa yo reprezante pi gwo atent ak diyite nou kòm pèp. Paske se pratik ke sosyete a dyabolize. E pa gen pi gwo krim ke yon Leta ka komèt ke lè l trayi oubyen bafwe valè peyi l. Valè se sa k konstitiye nannan idantite yon pèp, reprezante orijinalite l.

Chwazi legalize pratik sa yo se nye idantite nou. Nou pa oze di ke valè nou yo pa ka modifye. Si nou ta di sa se konmsi nou ta inyore prensip dinamisite sosyete yo ak varyabilite valè yo ki mache ak evolisyon tan an. Men tout modifikasyon ap fèt yon fason otomatik san l pa tchigonnen konsyans sosyete a.

Chwazi enpoze yon ansanm pratik ke sosyete a wè tankou dèlenkans se tankou tranche vant pèp la ak yon bistouri san aneksezi pou retire valè l yo e boure l ak sa l konsidere tankou bouden. Lè yon sosyete pa pataje yon valè, li tounen yon viris mòtèl pou byenèt li.

Sa ka toujou rive gen yon lè sosyete a aksete pratik sa yo, men nou poko prèt pou rive nan èstad sa. Sosyete nou an poko pare pou dijere gwosè bou l salte sa yo. Se nòmal pou yo bloke sou lèstomak li, pou yo ba li kè plen. Kidonk, kòd penal sa ase yon mannyè pou legalize liberalite e desann moralite sosyete a atè plat.

Anplis, deside adòpte yon dekrè konsa, se chwazi met sosyete a toutouni. Yon sosyete toutouni se yon sosyete san repè, san oryantasyon. Sa vle di, yon sosyete ki pa konn kote l prale. Chak moun aji jan l vle paske pa gen valè ki defini konpòtman l vrèman. Poutan, yon sosyete pa ka evolye ak valè ki pa pwòp a li menm. Lè l chwazi mache sous tras valè yon lòt sosyete se renonse a pwòp idantite l pou l aksepte tounen lonbraj yon lòt. Lè sa, li sispann egziste paske tout valè li pra l goumen avèk yo a ap reflete egzakteman sosyete li anba enflliyans li a. Se sam rele ʺsosyete souyeʺ a.

Yon sosyete souye se yon sosyete ki jete pwòp valè l pou l anbrase valè opresè l. Mwen di souye se paske, imaj sosyete a vin kontamine e degrade, diyite pèp la vin enfekte ak debri enpòte. Li pa p fasil pou enpoze ensès bay yon pèp ki makonnen ak yon listwa kominotè, kote familyarite laj konsa epi pwoksimite entèprete kòm fanmiy….

  1. Se valè enpòte ki makonnen ak yon lojik pou konsève pouvwa a

Sa nou rele omoseksyalite, bestyalite, ensès yo se valè blan yo ye. Sa vle di imajinè kolektif ayisyen an poko tolere viris sa yo. Men pou n konprann ki rezon ki pouse Jovenèl Moyiz pran dekrè sa fòk nou soti nan kad moral sitiyasyon an pou n dekouvri anje politik ki kache dèyè l. E se sa nou pra l eseye wè avèk mwen la.

Nou tout konnen depi yon bon bout tan, kesyon fen manda Prezidan Jovnèl Moyiz la koz anpil pale nan medya yo e nan tout kwen nan peyi a. Sa pwovoke anpil deba, atik pibliye, anpil entèvansyon fèt nan radyo, elatriye. Menm si nan yon peyi kote y ap aplike lalwa, li pa tap janm konsa paske dapre atik 134-2 nan konstitisyon 1987 amande a, manda a kòmanse an 2016 dapre dat eleksyon prezidansyèl yo e li dwe fini 7 fevriye 2021 (5 kan), kwalkyèl lè mouche te antre an fonksyon an. Malerezman nan peyi m, chak nèg entèprete konstitisyon an selon pwòp bezwen l. Menm prensip la gen yon entèpretasyon pou senatè yo, yon lòt pou prezidan an. Ala bagay dous papa se pouvwa nan pey Dayti !

Enben, si prezidan an vle jwi privilèj li jis rive 2022, pèp ayisyen an ak anpil pati politik sèmante pou yo pa aksepte andire kalvè lavi chè sa a pou jis 2022. Tanbou operasyon dechoukay wè pa wè a kòmanse rezonnen nan tout ti bout kwen nan peyi a. Pye Jojo nan yon sèl grenn soulye paske pouvwa a menase. Kounye a, se kisa l dwe fè pou konsève pouvwa a ? Paske Lepèp di fòk li ale, li menm ak tout patizan l di l p ap fon pa kita, yon pa nago. Bagay la anonse danje. Men konnen kisa Ti pèp sa a fè nan listwa l deja.

Lè nou sonje jan yo te tchapya prezidan Giyòm Sam, kòman yo te bimen rejim diktati Divalye a e tache dèyè prezidan Janbètran Aristid, kè Jovnèl pa ka pa sote. Li gen 2 chwa : se swa l chwazi kite pouvwa a jan konstitisyon an mande l la oubyen chwazi bay pèp la tèt – jan l pase l pase (JPP). Men nivo san konsyans ak mechanste li tèlman wo, li pito chache chikin kò l anba Lèzetazini Pou kontinye ba l bourad nan piye peyi a.

Fòk nou rann nou kont malgre tout patchèt manifestasyon ki fèt kont Jovenel, sa pa janm rive souke l, malgre bagay yo vin pi mal. Men fòk nou ta poze tèt nou kesyon sa tou : Kòman fè pou yon ti novis politik tankou Jovnèl fè sipòte tout soukous sa yo pèp la ap ba li depi 6 ak 7 jiyè 2018 yo ? Enben, repons la pa lòt, se paske Lèzetazini kore mouche. Si l lage l, li tou tonbe.

Kounye a, rive nan yon moman pouvwa l vrèman menase, li oblije ap chache yon mwayen pou satisfè patwon l jis pou konsève pouvwa l. Se lojik konsèvasyon sa a ki mennen prezidan an sou chimen imoralite sa. Li vann moralite yon pèp pou pouvwa. Aksepte enpoze ansanm pratik sa yo se pi gwo satisfaksyon yon peyi te ka akòde Lèzetazini lè nou reyalize valè enpòtans yo bay yo. Sa fè n konprann tou ke dèyè aspè moral ak politik ki gen nan kesyon an, li gen yon aspè kiltirèl ke nou pa dwe inyore.

  1. Devwale klèman ipokrizi ak konplisite kretyen yo nan sitiyasyon peyi a

Lamenm dekrè a fin pibliye, tout sektè relijye a leve kanpe alawonnbadè : Pwotèstan tankou Katolik, Pastè tankou Pè pa sispann pran chimen laprès pou denonse byen fò imoralite sa. M ap fè nou sonje ke legliz pa gen yon misyon èspirityèl sèlman men li gen yon fonksyon sosyal ke l dwe ranpli. Menm jan imoralite seksyèl fè plim do nou leve a, se konsa nou dwe revòlte kont kòripsyon, lanmizè, ensekrite, black-out…, pou Letat bati bon jan lopital pou n jwenn laswenyay, bon jan lekòl, dlo trete, wout,…Yo tout se imoralite tou.

Ann sispann di nou p ap antre nan zafè peyi paske n se pèleren. Se pa lagras ki pral desann ak dlo trete pou nou, eletrifye peyi a pou nou, se pa zanj Bondje pra l voye konstwi Lopital pou nou…, se jefò nou k ap pèmèt nou pwogrese. Se kalite konsepsyon sa yo ki rann nou pòv konsa e lage nou nan grif lapwovidans. Sa montre ke nou toujou jouke anba chenn kolonizasyon.

Ann sispann danse nan kras sou pretèks moun rich pa pra l nan syèl pandan peyi a ap fin depafini. Paske se pi gwo peche yon Ayisyen te ka komèt lèl pran pòz kretyen epi l fè silans sou siyasyon malouk k ap travèse yon peyi konsa. Pastè, anpil fwa, djab k ap pèsekite fidèl ou yo, se pa vwazen an pòdjab, se twòp grangou ki fè vye van fin tchwit li. Lè yo mouri se pa Bondye ki voye chache yo nan ministè a, se koz lopital nou pa genyen ki mete yo deyò nan ministè a. Leta lougawou ! Anpil nan nou pra l trete m ajan djab oubyen di ke m ap madichonnen tèt mwen. Tout sa yo se prèv ki montre ke nou anba bèk inyorans.

  • Valè nou se idantite nou, nou p ap negosye

Mwen vle nou konnen ke m pa gen anyen kont yon masisi, yon madivin oubyen ak yon moun ki fè avòtman, analiz mwen an se jis pou m montre nou ke sosyete nou an pa prè pou dijere modèl pratik sa yo. Nou pa ka yon pèp pou n ap kopye moralite sou yon lòt. Se tankou nou pa egziste pou kò nou. Se pa Leta ki enpoze nòm sosyal yo, evolisyon sosyete a pwodui yo e yo enpoze nan konsyans moun yo san yo pa wè l kòm kontrent.

Se sak fè gen nòm sosyal e nòm jiridik. Yon pratik sosyete a deja anbrase, Leta ka legalize l, men yon sosyete ak yon pratik ke konsyans moun yo jete, konsidere tankou lèt ak sitwon. Ni mwen pa bay Pratik sa yo yon konsiderasyon inivèsè l menm jan ak kretyen yo, kòmkwa se yon abominasyon pou nenpòt moun nan kwalkyèl peyi sou latè ki ta oze pratike yo. Sa se yon lòt deba.

Men yon moun pa bezwen kretyen pou w wèke valè sa yo nan dezagreman ak sosyete nou an. Ou pa bezwen Kretyen pou w konbat kont imoralite ak sa k ap degrade diyite peyi w.

Pou m fini, m ap di w prezidan, janm tande ya p rele w la : Ann eseye aji sou priyorite pèp la. Gen anpil lòt dekrè ki nesesè. Tankou : Dekrè sou la manjay, dekrè sou lasante, dekrè sou ledikasyon, dekrè sou agrikilti, dekrè sou ensekirite kap blayi nan peyi a, dekrè pou lajenès ki abandone san lespwa e kap depeyize a, dekrè pou plis pas 2000 timoun kap domi leve nan lari yo, dekrè pou plis pase 3 000 lòt timoun ke maltretans ak domèstisite ap fini avèk yo a, dekrè pou plis pas 180 000 diplome k ap grate santi nan chomaj….. Kidonk, dekrè pou moun ka fout resi viv tankou moun nan peyi a, ti diktatè sans konsyans ke w ye!

Serge Bernard, Sosyològ

Kite yon komantè