
Lontan Lekòl nan peyi Dayiti te konn bay timoun sanksyon depi yo pale kreyòl nan klas oswa nan lakou lekòl la. Nou te toujou ap pran prekosyon pou n pa pale kreyòl devan yon lòt kanmarad. Siveye rapòte. Menm si li pa t ka pote nouvèl la ale an franse, l ap bay li kanmenm pou montre ou pa respekte prensip lekòl la. Mwen di prensip. Te gen saksyon kite mache ak sa. Jouk jounen jodi a gen anpil lekòl nan peyi Dayiti ki pa dakò pou elèv yo pale kreyòl. Yo dwe “s’exprimer convenablement” an franse. Se kòmsi yon moun paka pale byen nan lang manman l ak papa l. Fòk se lang kolon an pou li anbwase. Sitiyasyon sa kite yon tou san fon lakay anpil Ayisyen. Yo pa metrize yonn nan lang sa yo.
Poutan konstitisyon an, ki se manman lwa peyi a, nan atik 5 di kreyòl se lang ki ini tout Ayisyen. Sa pa anpeche li bannou 2 lang ofisyèl: Franse ak Kreyòl. Konstitisyon sa egzije pou tout dokiman leta fèt nan 2 lang sa yo. Dapre anpil moun se yon pwoblèm paske tout ayisyen alawonnbadè pale kreyòl. Kidonk pa ta gen nesesite pou mete yon lòt lang bo kote l kòm lang ofisyel. Men se Leta. Yon Leta febli, ki mare nan pye tab ansyen kolon. Yon Leta k ap fè bouwo l plezi.
Gen anpil moun ki rete kwè li bon anpil deske lekòl nou an fèt an franse. Dapre yo, sa ka louvri pòt pou nou gen yon lòt peyi. Gen anpil lòt ki panse se yon gaspiyaj resous lè n ap fòse pitit peyi a aprann nan yon lang li pa konprann. Yo panse se pa pou Ayiti Leta ap fòme moun sa yo; men pou lòt peyi. Anpil fwa deba ki ap fèt pou voye lang franse a monte sou kreyòl la fèt an kreyòl. Ou ta di defansè lang franse a pa ka fè travay la nan lang kolon an. Jounen jodi a gen anpil jefò k ap fèt pou bay lang kreyòl la jarèt.
Travay akademi Kreyòl Ayisyen an ak travay anpil lòt moun nan pwodui bonjan zèv an kreyòl, se bonjan angrè pou devlope lang lan. Mete sou travay anpil medya( radyo, televizyon, rezo sosyal) ap fè. Men lè n gade nan fon koze a nou ka wè pi fò travay yo aloral. Devlopman rezo sosyal yo vin pote yon plis nan devlopman lang lan nan sans li vin mete anpil enfòmasyon disponib an kreyòl pou majorite a.
Menm kote a nou konstate yon dezòd nan fason yo ekri lang lan. Akademi Kreyòl la ta dwe jwe wòl li nan mete lòd nan sa. Paske majorite sous enfòmasyon sou rezo sosyal yo se odyo ak videyo yo plis pataje, Sit entènèt http://www.pawollavi.com deside rantre nan konba pou pote kout men pa l nan pataje bonjan enfòmasyon ki ekri an kreyòl. Nou kwè sa ka pote yon yon pli nan ede moun yo ekri kreyòl pi byen. Epi abòde kesyon syantifik yo nan yon lang tout Ayisyen konprann e pale . Pou sa n ap fè jefò pou n pote bonjan konesans syentifik ki ap pèmèt moun yo dekouvri enpotans lang kreyòl la.