Allstate ak Ameriacan Family ki se 2 gwo konpayi asirans nan Etazini komanse retounen lajan bay kliyan yo poutèt yo rete chita lakay yo pou yo ka redui propagasyon COVID-19 la. Allstate fè konnen apati mwa avril la li pral komanse voye 15 pou san lajan tounen bay kliyan yo. American Family bò kote pa l komanse voye chèk 50 dola pou chak machin ki asire lakay li.
Nan yon entèviou li bay Wall Street Journal,Telisa Yancy, ki se chèf operasyon nan Ameriacn Family, se lajan tout bon yap voye bay kliyan yo, e yo pap gen pou remèt lajan sa apre. Li fè konen y ap voye lajan kounye a paske se nan moman sa moun yo pi bezwen lajan.
Dapre Wall Street Journal, 40 pou san Kliyan American Family pa kondi machin anpil depi komansman mwa mas la. Sa ki fè konpayi asirans la pa gen twòp problèm aksidan pou l jere. Sa ki pèmèt konpayi a sere anpil lajan. Pou rezon sa Allstate pral bay anviwon 600 milyon dola, pandan American Family ap bay kliyan yo 200 milyon dola antou.
Konpayi sa yo se 2 premye ki te pran desizyon pou bay kliyan yo lajan, pandan konpayi tankou State Farm ak GEICO , ki se 2 pi gwo konpayi asirans nan USA, ankouraje kliyan yo pou yo rantre an kontak ak yo pou yo ka wè ki sa yo ka fè pou yo. Paske yo konnen kliyan yo pa vwayaje anpil pandan pandemi COVID-19 la.
Se pou tout ayisyen komanse rele konpayi asirans yo pou mande kisa yo dwe fè pandan peryòd sa. Annatandan , yo dwe toujou peye aisrans yo menmsi yo pap fè yon pa ak machin nan.
Gen anpil lòt konpayi asirans ki deside pa fè kliyan yo peye penalite si yo pa peye a lè. Gen anpil lòt ki mande kliyan yo pou yo peye sèlman pou jou y ap soti nan lari.
Plizyè sous: WSJ ak Fox News