Anpil Imigran ki gen Rezidans Tanporè(TPS) ka toujou jwenn Residans pèmanan yo. Malgre sa nou tande oswa li nan gwo medya tankou New York Times, Washington Post, Associated Press elatriye li posib pou jwenn rezidans pèmanan.
Lakou Siprèm Peyi Meriken pran yon desizyon mwa pase a pou l fèl pi difisil pou kèk moun ki gen TPS rive jwenn rezidans pèmanan. Pandanstan, li pa anpeche tout moun ki gen TPS rive gen “Green Card” yo. Dapre desiszyon sa depi yon moun pa t rantre nan peyi a legal li pap ka ajiste estati l.
TPS la se yon pwogram gouvènman Federal bay moun ki soti nan plizyè peyi pou proteje yo kont depòtasyon. Moun ki jwenn TPS la benefisye otorizasyon travay ak pèmisyon pou vwayaje. Gouvènman bay dokiman sa ak moun ki soti nan peyi kote dezas natirèl ak lagè ravaje. Men lis peyi ki benesye TPS yo Temporary Protected Status | USCIS
Desizyon Lakou Siprèm nan gen kèk ti konfizyon ladan. Men si nou li l ak atansyon n ap wè desizyon an di se pa tout moun ki gen TPS k ap ka ajiste estati yo san yo pa kite peyi a. Moun sa yo pral oblije ret tann rezidans lan nan peyi yo si toutfwa yo ta aplike pou reajiste estati yo. Desizyon sa pa bloke moun yo pou ajiste epi li pa anpeche yo itilize lòt mwayen pou jwenn rezidans yo.

Lakou a jis fèl l klè pou moun yo. Gen TPS pa bay dwa otomatik pou gen rezidans pèmanan
Yon moun ki te rantre nan peyi a san yon ofisye imigrasyon pa t enspekte l pra l oblije retounen nan peyi l pou al tann rezidans si yon moun aplike pou li. Yo pa di moun sa pap janm ka gen rezidans.
Dapre Pew research, yon fim ki fè ankèt isi Etazini, plis 450 mil ameriken ap viv ak moun ki gen TPS. Pandan pandemi Korona viris plis pase 130 mil travaye nan premye lin oswa travayè esansyèl se TPS yo genyen. Sa montre enpòtans group sa yo nan peyi a. Se pou sa gen anpil òganizasyon kap defann dwa imigran ki kanpe kont desizyon Lakou Soprèm nan.