Korona viris, yon maladi ki mete nou anfas responsablite nou

otè Joseph Peguy

Depi desanm 2019, yon maladi ki rele Covid 19 eklate nan peyi lachin, nan yon vil yo rele Wuhan. Dapre enfòmasyon yo, se nan yon mache kote yo vann vyann maladi a parèt. Nou konnen Chinwa renmen manje anpil bèt tou vivan. Dapre moun ki ap chache nan domèn lamedsin, se ta bèt ki pote maladi a bay moun. Epi moun yo tanmen pataje l ak lòt. Sa n tande a maladi a touye plis pase 3 mil moun nan peyi lachin.

Peyi Itali se premye peyi ewopeyen maladi a frape di. Pou jodia preske 15 mil moun gentan mouri. Moun kap travay nan domèn lasante nan peyi a te gentan fe bak devan ravaj maladi a telman yo te wè moun ap mouri epi yo pat ka fè anyen pou sove lavi yo. Itali pat pare pou yon maladi konsa. Nan moman sa la se Kiba, larisi ak Lachin ki pote kout men pou ede yo soti anba maladi sa. Peyi Lespay, Lafrans,potigal, pa epanye. Men tou gen anpil peyi ki te gentan pran gwo mezi pou anpil anpeche maladi a fè gwo dega.

Sa pa anpeche yon gwo peyi tankou Etazini ap pran gwo kou nan men viris la. pou Jodia plis pase 277 mil moun trape maladi a epi plis pase 7 mil pèdi lavi yo. Dapre prezidan ameriken an Donald Trump, si moun yo swiv tout sa otorite yo di yo ka anrejistre 100 mil moun kap mouri. Men si moun yo pa swiv sa chèf di, se plis pase 200 mil moun ka pedi lavi yo. Nan moun sa yo ap gen anpil Ayisyen.

Ki ka ayisyen kap viv Ayiti

Depi anvan Korona te vini sitiyasyon lasante te malouk anpil nan peyi a . Pa gen lopital, pa gen ase doktè, enfimyè ak lot moun ki dwe bay laswenyay nan lopital ak sant sante. Sa fe plizyè lane depi moun kap travay nan lopital leta yo ap fè grev pou jwenn bon kondisyon travay. Men anyen pa janm fèt. Pandanstan otorite nan peyi sa ap gaspiye lajan peyi a nan fè koripsyon, favorie ti zanmi ak fanmi. Yo pat janm panse yon jou yo patap ka vwayaje pou al lopital nan lot peyi. Ebyen Koronaviris la mete yo toutouni.

Menm jan anpil gwo peyi pa t bay COVID19 la enpotans, Leta peyi Dayiti pat bay maladi sa pote chay pou yo. Rezon ki fe jodia yo pa vreman konn kisa pou yo fè anfas pandemi sa. Apre minis sante peyi Dayiti a te fin di yo dekouvri 2 moun ki gen maladi a, prezidan peyi a deklare “etadijans sanitè”. Menm si apre kèk jou yo vin anonse kèk mezi pou akonpaye popilasyon, an reyalite yo pa ka fè anyen serye nan kad kriz sa.

Pandan gouvènman anonse mezi pou fè moun yo ret lakay yo, pèson moun pa aplike mezi pou anpeche maladi a fè plis dega. Menm leta sa ap mete moun kanpe an ran byen long, yonn kole ak lòt pou al pran kat elektoral. Devan bank yo menm se pa pale. Moun sou moun. Souf nan souf ap goumen pou al chache ti lajan yo te sere.

Yon ti tan anvan COVID19 te mete pye si yon manm nan gouvenman te gen yon tèt fè mal se avyon li tap pran pou al Miami oswa kiba al chache swen. Paske yo pa fè sistèm yap diije a konfyans. Yo pat mete ankenn estrikti nan lopital yo menm pou bay yon premye swen. Ale wè pou ta bay moun ki gen Korona swen. Popilasyon an lage pou kont li.

Plizyè sitwayen ap plenyen sou fason administrasyon Moise/Joute la ap jere kesyon maladi a. Anpil moun ta fè kwè se manti dirijan yo ap bay sou kantite moun ki trape maladi a. Yo menm rive di se yon fason msye yo ap fè pou fè lajan sou do pèp la. Si n konsidere kantite lajan rejim PHTK gaspiye pandan 8 lane yo nan tèt peyi a. Espesyalman lajan Fon Petrokaribe a ki disparèt tankou van.

Menm jan ak pèp la kap tann Bondye pwoteje yo kont maladi a , Gouvènman chita l ap tann msye leblan pou vin pote lajan pou li.

Menm jan sa te ye depi lontan, pèp la ap kontinye priye bondye pou ede yo. Paske leta sa pat janm mete poilasyon an nan priyorite yo.

Kontinye rete lakay nou. Si n oblije soti fè sa nan lòd. Pa pataje boutey, tafya, sigarèt ak lòt bagay ki ka gaye maladi a. Nou dwe toujou ede yonn lòt menm jan nou te konn fè sa. Anpil men Chay pa lou. Aktyelman plis pase 58 mil moun gentan fe vol pou peyi san chapo.

“Yo pat janm panse yon jou yo pa t ap ka vwayaje pou al lopital nan lot peyi. Ebyen Koronaviris la mete yo toutouni.” Yon entènot

PAJ, 4 avril 2020

Ou ta dwe renmen

Kite yon komantè