Anpil konpatriyòt Ayisyen konn gen anpil tèt chaje lè pou aplike oswa renouvle rezidans yo. pafwa yo rankontre ak lòt ayisyen raketè ki pran lajan yo epi pa regle anyen serye pou yo. Nan kad travay akonpaye kèk ayisyen nan regle dosye yo nou reyalize pi fò moun yo pa gen bonjan enfòmasyon ki ka pèmèt yo regle dosye yo kòm sa dwa.
Nan sousi pou kontinye bay kout men, nou kolekte enfòmasyon epi tradui yo nan kreyòl ayisyen pou mete yo disponib pou tout ayisyen ki ap chache konnen. Atik sa pral dekri kèk etap pou aplike pou rezidans nou.
Anvan yon moun komanse yon aplikasyon pou rezidans li dwe poze tèt li 2 kesyon sa yo:
1- Eske ou elijib pou aplike ?2-Eske ou andedan oswa deyò Etazini? Kesyon sa yo ap pèmèt ou konnen ki kote w kanpe, yon fason pou w pa al depanse yon paket lajan pou granmesi.
Eske w elijib; Lalwa sou imigrasyon nan peyi Etazini bay yon bann fason moun ka aplike pou yon kat rezidans. Elijibilite w depann nan ki kategogori imigran ou ye. Si w bezwen konnen ki kategori ou ye klike sou lyen sa 🙁Green Card Eligibility Categories | USCIS) pou wè ki kote pou aplike pou ka fasilite dosye w la mache pi byen
Ou bezwen yon esponsò
Pi fò moun k ap aplike pou yon rezidans dwe ranpli omwen 2 fom/aplikasyon. Yon petisyon pou imigran ki se fom I-130Petition for Alien Relative | USCIS ak yon aplikasyon pou kat rezidans ki sa fom I-485 Application to Register Permanent Residence or Adjust Status | USCIS. Si w se aplikan ou pa ka ranpli fòm I-130 lan. Se yon moun ki pou ranpli l pou ou. Swa moun sa se madanm/mari oswa yon fanmi. Lalwa rele moun sa ” esponsò”. Gen de ka ou ka ranpli aplikasyon an pou pwop tèt pa w. Fom I-485 lan se ou k ap ranpli l pou tèt ou lè Fom I-130 la aprouve. Men ou pa oblije tann yo aprouve premye a pou voye dezyèm nan.
Men fòm ki pi popilè w ka bezwen:
Form I-130 Petition for Alien Relative | USCIS, Se ameriken oswa yon rezidan ki ka renpli fòm sa pou fè yon moun rantre nan peyi a oswa fè yon moun ki la deja jwenn rezidans
Fòm I-485 Application to Register Permanent Residence or Adjust Status | USCIS, dwe ranpli lè imigrasyon fin aprouve fòm I-130 la ki etabli relasyon ant moun yo yo. Fòm sa pèmèt anrejistre kom rezidan siw pat pagen estati nan peyi oswa pemet ou chanje estati. Yon fwa fòm sa aprouve, kat rezidans ou ap vin jwenn ou lakay ou.
Fòm I-589 Application for Asylum and for Withholding of Removal | USCIS, pèmèt yon moun aplike pou azil si l te sibi pèsekisyon nan peyi kote l soti a. Kelkeswa fòm pèsekisyon an. Nan Fòm sa , moun nan ap bay detay sou sa ki pase a epi mete non tout fanmi proch li tankou manman/papa, pitit elatriye.
Fòm I-730 Refugee/Asylee Relative Petition | USCIS, Si yon moun te benefisye azil politik li ka ranpli l pou rantre fanmi l nan peyi a. Pa bliye se non moun ki te nan fom I 589 la ki ap benefisye.
Fòm I-140 Immigrant Petition for Alien Workers | USCIS, se yon aplikasyon patwon oswa anplwayè ranpli pou yon moun vin travay nan Etazini. Sa fèt lè moun k ap vin travay la genyen kalite espesyal ke anpil moun pa genyen nan peyi a.
Fòm I-526 Immigrant Petition by Alien Investor | USCIS, pèmèt moun kap fè biznis jwenn papye pou rete nan peyi a.
Prosesis pou jwenn yon rezidans etazini varye depan nan ki sitiyasyon moun nan ye. Men kelkswa nan kategori ou ye a w ap pase nan etap sa yo:
- Nan anpil ka yon moun dwe ranpli yon aplikasyon pou ou. Lè sa moun nan se yon sponsò. gen ka ou ranpli pou tèt ou.
- Apre imigrasyon(USCIS) fin aprouve demand lan gen yon viza ki disponib pou moun nan. Lè sa wap ranpli aplikasyon rezidans lan
- Ou ale imigrasyon pou anprent, foto ak siyati
- Ale nan entèviou
- imigrasyon voye desizyon yo sou aplikasyon an. Ou ka resevwa kat rezidans ou oswa yo ka refize
www.pegjoseph.com pa bay konsèy legal. Tout enfomasyon sa yo soti nan sit Depatman deta. Nou ankouraje w kontakte espesyalis nan domèn nan pou regle koze pou ou.
Si gen kesyon jeneral ou ka ekri nou epi n ap chache repons pou ou