Lè minis jistis la pale menm lang ak yon nèg ministè jistis revoke nan polis la, sa sispèk. Sa mande refleksyon. Eske ansyen polisye sa a se konseye sekirite li ye nan Leta ? Jimmy Cherizier, tout moun konnen sou non Babekyou (Non jwèt li ki soti nan komès manman l t ap fè, dapre sa l di. Non vanyan l, dapre moun ki pa renmen l, ki di youn nan sa l fè pi byen* se boule kadav li fè pou l pa kite tras).
Mesye sa se yon moun ki entèrese m anpil. Se yon moun mwen dwe kwaze deja nan vi m, paske li soti nan yon katye mwen te pratike anpil yon peryòd nan vi m. Vin jwenn nou gen ape prè menm laj, li ban m twazan, nou te kapab zanmi.
Se yon moun ki fòme, ki pale byen, ki gen yon diskou ki parèt klè, epi ki sanble vle parèt tout kò l. Lè Babekyou ap pale, li pa kache figi l. Si misye moutre tèt li, kontrèman ak nèg ak zam ki kouvri figi yo pou moun pa rekonèt yo, Babekyou se petèt moun ki gen plis bagay pou li kache.
Se yon moun mwen dwe kwaze deja nan vi m, paske li soti nan yon katye mwen te pratike anpil yon peryòd nan vi m. Vin jwenn nou gen ape prè menm laj, li ban m twazan, nou te kapab zanmi.
Lè l te fèk kòmanse pale nan radyo, li te prezante tèt li kòm polisye. Lè revokasyon l fèk tonbe, li parèt tankou moun k ap jere dosye revokasyon l devan tribinal. Plis tan pase, plis li oblije parèt tankou nèg ak zam. Men, ki nèg ak zam li ye ? Li di li pap travay pou pouvwa pase si se te sa, ni yo pa t ap revoke l, ni yo pa t ap mete manda dèyè l pou yo chache arete l. Men, tout moun wè agiman sa a fèb. Yon pa, pèsonn pap chache l, piske yo konnen kote pou yo jwenn li. Yon lòt pa, yon pouvwa ka revoke yon moun pou chèf yo pwotoje tèt yo, san yo pa koupe fache avè ou pou otan. Sa ka rive tou, ajisman l reflete senpleman feblès polis la, ki pa gen ni mwayen ni volonte pou l fè travay li di l ap fè a.
Dayè, Babekyou di li pap kanpe anfas polis la, men si y ap vin chache l fòk yo “mache dwat”, paske ni li menm ni pèp anba delma a pap kite yo fè ladènye sou li. Pawòl batay li, se : « kanpe goumen ». Babekyou sou goumen. Babekyou di l ap goumen jiskobou. Babekyou ta renmen parèt tankou lidè kominotè ki ap fè sosyal, menm kòm tit sa a « gang » yo pran l deja, li pa bezwen moun rele l konsa. Paske si gen yon bagay Babekyou pa renmen tande se lè moun konpare l ak chèf gang. Pou li, chèf gang yo se “ti vòlè” ki “pa konn li”. Babekyou fè filo, seksyon C. Li renmen li. Patikilyèman liv sou « spiritualité».
Pandan ti mesye gang yo ap mache pran tout kalte pwen, li menm li plis ap boule sou maji franmason (li gen yon meday franmasyon yo nan chèn li), menm si li pa inyore tradisyon vodou a : li prezante tèt li kòm pitit Dantò. Babekyou toujou di li rayi vòlè ak kidnapè. Babekyou di li pa sipòte ti mesye gang yo k ap fè dezòd nan sosyete a. Li renmen defen François Duvalier. Nou kapab di se yon moun ki kwè nan sistèm bout di, kote pouvwa a pa gen pwoblèm pou l foure men l nan san pèp li pou l mete lòd nan dezòd (ki pa dezòd pa l).
Misye fè pati moun ki dijere mal desepsyon yo pran nan esperyans demokrasi peyi a ap fè depi lè pouvwa Duvalier yo kapout la. Lè l di l ap kraze yon katye li mete l jan l vle l la, li pale tankou yon seri moun konn fè l : depi se nan katye pèp yo, tout moun yo koupab, tout ak kolabore ak kriminèl.
Jovenel te di richès se yon bon kalite. Ou ka sipoze nan lòt fas la, mizè se yon move defo. Men Babekyou rete nan katye pèp. Se la a pèsònaj la entèrese m anpil. Li pote nan limenm plizyè lide ki pa kole ak lòt. Li se sa, li pa sa. Men, Babekyou gen tròp lespri pou l pa konnen dimansyon sa a lakay li. Se sak fè li pale anpil. Li toujou ap chache fè limyè sou tèt li, ak sou sa l ap fè. Li ap chache konprann. Li ap chache esplike. Li ap demele.
Se yon moun ki reflechi anpil. Ou pral wè, kounya a, li pa di li pat Lasalin ankò. Li di senpman pat gen masak paske si de gwoup vyolan ap goumen, si se lavi youn pou lavi lòt, se sa k mouri yo ki antò. Se tankou lakay Babekyou gen de moun k ap batay : youn ki ap defann lalwa, youn ki bay lalwa do. Sa ki ap defann lalwa a kwè nan lapolis. Se kòm polisye li pale. Sa k ap viv nan do lalwa a, konnen se fòs ki pale. Ou ka wè lè l ap pale, li bay de figi. Yon figi ki konn ri, yon lòt ki pa jwe.
Jovenel te di “richès se yon bon kalite”. Ou ka sipoze nan lòt fas la, mizè se yon move defo.
Pou mwen ki konn ekri teyat, pèsonaj la entèresan, paske li kache mistè… Men, Jimmy Cherizier pat fèt Babekyou. Pou mwen, m rete kwè se yon viktim. Viktim yon move tan pouri nan koripsyon ak tout sòs salte. Se regretan, paske lè ou gade yon moun konsa li te ka viv ak tèt li anpè nan yon fòs polis serye, pwofesyonèl, nan yon peyi k ap mache sou de pye l.
Li klè, se te yon polisye, polisye parèy li te renmen pou kouraj li. Paske pa gen pwoblèm non, nan yon Leta ki chita sou lalwa, pou gen moun ki gen zam pou fè operasyon zobop, pou byen peyi a… Men, peyi a gaspiye piti li. Bèl resous ap gaspiye. Babekyou di li rayi politsyen men ki se bandi ak vès, men Babekyou ta renmen kandida, si dosye l ranje.
M pa konn ki chans peyi a kite pou li. Se petèt yon jèn Ayisyen ki tonbe nan pyèj yon sosyete malouk. Kounya a li pa ka fè bak ankò, se pike sèlman li ka pike pou devan. Babekyou sou goumen. Ak ki moun ? Pou ki sa ? Babekyou di l ap goumen jiskobou. Jiski bò ? Se Bondye k konnen, « Grand Architecte la » jan l konn di a. Apre sa, m ka bliye m te di se pa sòlda k manke, se kòz la n pa ka jwenn.
Faubert Bolivar se yon jèn Powèt, dramatij ayisyen. Li pibliye anpil an franse. Li te etidye filozofi an frans apre sa li tap anseye franse nan peyi jamayik anvan l tounen vin bay kout men nan peyi Dayiti. Li sansib ak anpil pwoblèm kap ravaje bil peyi a.
Swiv paj facebook li pou dezyèm pati tèks la.
https://www.facebook.com/Beauliveart