Imigrasyon: ki sa pou w fè si w bloke Etazini ak yon viza touris?

otè Joseph Peguy
Imigrasyon: ki sa pou w fè si w bloke Etazini ak yon viza touris?

Pawol Lavi pa yon fim konsèy legal, nou pa avoka. Nou li enfòmasyon an anglè epi pataje yo an kreyòl. Ou ka al verifye yo sou sit entènèt www.uscis.gov

Pandan peryòd Korona viris la mwen gen plizyè moun ki ap rele m pou mande kisa pou yo fè si yo bloke Etazini ak yon viza nan men yo pandan kriz Kowonaviris (COVID19) la. Menm jan ak moun sa yo, gen anpil lòt moun ki nan sitiyasyon sa ki bezwen konn kisa pou yo fè. Yonn nan premye bagay mwen di yo se kontakte USCIS(biwo Imigrasyon) pou mande yon ekstansyon oubyen mande chanje viza yo genyen an.

Depi 18 mas 2020, depatman enteryè( sèvis imigrasyon uscis) pran dispozisyon pou fèmen biwo l yo nan lide pou ede kwape COVID19. An reyalite biwo yo pa fèmen nèt. Yo pa resevwa gran piblik la. Yon pati nan anplwaye yo toujou al travay pou trete dosye. Sa vle di si w gen dosye nan imigrasyon, yo kontinye ap travay sou li. Si w te gen randevou pou entèviou ou mèt fè yon ti tann. Imigrasyon pral voye yon lèt ba w pou diw yo anile tout randevou. Yo pral voye randevou a pou yon dat nou yonn poko konnen. pou moman yo fèmen jis pou 3 me 2020.

Si w gen ijans ou ka rantre nan kontak ak yo nan adrès sa: https://www.uscis.gov/contactcenter. Oubyen rele nan telefòn. Nou ka vizite lyen sa tou si n vle dènye enfo sou koronaviris https://www.cdc.gov/coronavirus/2019-ncov/index.html

Nan ka yon moun ki te rantre isit sou viza ki bezwen ralonj pou ka rete pi lontan nan peyi a men ki sa nou dwe fè:

1- Rele USCIS pou w mande sa pou w fè

2- Rele yon avoka imigrasyon oswa yon para legal nan domèn imigrasyon

2- Al sou sit www.uscis.gov pou w ranpli Fòm I-539 k ap pèmet ou mande pou chanje estati w oswa mande ralonj sou tan lalwa bay pou pase nan peyi a sou yon viza. Byen chwazi Fòm nan. Depi fevriye ane sa yo chanje l.

3- Ranpli fòm nan sou entènèt pou demand lan ka ale pi rapid. Ale pi rapid vle di jwenn repons pi rapid. Si w pa gen aksè entènèt ou ka toujou voye l lapòs. L ap pran yon ti tan pou w jwenn repons , men pran pasyans.

4- W ap fè yon chèk $370 pou chak aplikasyon ou voye . Pa bliye, chak moun dwe gen yon aplikasyon pou kont li. Si w te vwayaje ak pitit ou, w ap gen pou w ranpli e peye pou chak grenn moun.

5- Si pandan ou la sou viza ou te gen yon aplikasyon rezidans yon fanmi te ranpli ou ka mande pou imigrasyon chanje estati w soti touris pou yon “rezidans tanporè” annatandan yo pran desizyon sou dosye w la.

Pa bliye enfomasyon sa yo pa konsèy legal. Nou jwenn yo sou sit USCIS la. Siw bezwen plis enfòmasyon ak kout men pou w ranpli fòm yo ou ka kontakte m.

3 avril 2020, PAJ

Kite yon komantè