Mwen gen yon zanmi kit te rele m nan telefòn pou mande m kèk konsèy paske l te bezwen achte yon machin. Li pa te rele m paske m se yon espesyalis nan domèn nan men m te konn toujou eksplike l kijan m aprann anpil bagay apre m te manke pran yon kou.
An 2017, yon dilè te eseye vann mwen yon machin ak yon to enterè 22% sou baz se premye fwa m ap achte machin kredi. Men li pa t janm di m si se ak to enterè sa y ap prete m kòb la. Mwen te kontan paske msye te di se yon bon dil(afè). Kòm mwen te konn abitye prete lajan labank an Ayiti, mwen abitye ak to enterè ki pi wo pase sa. Se pat vle di anyen pou mwen jiskaske m rale kalkilatris mwen epi m reyalize se yon kout ponya yo t ap banm bò kou. Touye frèt. Ann tounen sou zanmi an
Mwen chita ak zanmi an m tande l, epi m komanse gade tout opsyon k ap bon pou li lè l ap achte yon machin, nèf owas dezyèm men. Mwen gade kredi l pou m wè ki chans li genyen pou l jwenn yon bon to enterè. Apre sa mwen gade avè l avantaj ak enkonenyan lè w achte yon machin tou nèf. Nou gade garanti machin nan si l ta gen yon pwoblèm mekanik, nou gade to enterè li pral prete kòb la, nou gade pri asirans machin nan ki ka pi ba si li nèf. Epi mwen gade ak li Kantite lajan l ap rantre chak mwa ak bil li gen pou l peye, yon fason pou l wè byen kote l ap kanpe. Nan fen ti chita pale a nou mete nou dakò l ap achte yon machin nèf olye yonn dezyèm men. Apre ti pale a nou planifye yon randevou pou n al gade machin nan kèk dilè.
Nan jou randevou a, mwen rele zanmi an pou m raple l a ki lè nou prale. Msye di m li pa ko santi l pare pou l achte machin, l ap reflechi toujou. Mwen di l pa gen problèm, lè l pare la di m. Mwen te jis gen yon presantiman li jwenn yon lòt konseye.
6 mwa apre, zanmi an rele m pou m gade yon bagay pou li. Se pa kat li te vle m bat pou li. Men se kredi l li wè k ap plede desann malgre l toujou peye a lè.
Yon lane anvan se mwen kite ede l louvri yon kat kredi paske tout kote li te ale yo te vle se ak pwòp lajan l pou l louvri kat kredi a. Mwen te fè l jwenn yon kat kredi ak 500 dola limit. M ap vini ak yon atik pou montre kijan ou ka bati kredi w ak pwòp lajan w.
Mwen envite zanmi an vin nan biwo m pou m ka gade pou li. Pa gen ankenn lajan l ap peye pou sa. Se kontribisyon pa m nan ede konpatriyòt Ayisyen. Ak enfomasyon pèsonèl li mwen rale rapò kredi zanmi an. Pwen sou kredi msye ap dodo meya nan 500 yo. Move kredi. Lè m gade mwen wè zanmi an te al lopital sa gen plis pase 3 lane li pat janm peye ti lajan li te dwe a. 61 dola. Wi, Sèlman 61 grenn dola li dwe lopital la. Li pa peye. Yo voye l nan koleksyon. Ti dèt sa fè l pèdi 30 pwen. Men 30 pwen an pa anyen devan imaj bank yo genyen sou ki kalte moun ou ye lè w pa peye dèt ou. Plis dèt la fè ou pa peye l se plis enpak negatif li gen sou ou. Chak mwa anplis se pwen k ap desann. Se sa k pase zanmi an
Kòm zanmi aksepte li dwe kòbvla nou rele pou nou peye l. Lè n rele pou mande sou ki baz yo voye dèt la nan biwo kredi san yo pa voye l nan adrès moun ki dwe a , yo fè n konnen yo te voye l pandan 3 fwa, men mèt dèt la pat janm reponn. Moun sa yo pap pèdi lajan pou ou. Y ap voye l kote yo konnen yo ka blese w.
Anpil konpatriyòt Ayisyen gen ti defo sa. Lè lopital ap voye bil ba yo, yo fè kòmsi yo pa wè l. Kòm se pat nan mache yo te ale, yo pa dwe. Yo inyore dèt yo. Yo kreye pwoblem bay tèt yo.
Jis yon ti apèl lè w resevwa yon bil ka edew dekouvri yon pa kèt fason pou peye bil ou ti kal pa ti kal. Si toutfwa ou paka peye, Lopital la ap eseye fè w aplike pou lòt enstitisyon ka peye pou ou si ou kalifye pou sa. Si w pa kalifye y ap fè yon plan pou w peye san w pa trò santi efè a. Ou pa ka mawon.
Nan foure je gade anndan rapò kredi zanmi an mwen remake li toujou peye a lè. Men li fè yon pechè mòtèl. Li toujou itilize pi fò lajan ki sou kat li a. Jan n te di l nan atik sou fason pou jere kat kredi a, https://pegjoseph.com/2020/05/23/meye-fason-pou-repare-oswa-bati-kredi-w/, ou pa ta dwe depanse plis pase 30 pou sa nan limit kredi w. Menm si li peye byen sa pa anpeche li pèdi pwen. Epi tou bank yo gen aksè ak tout enfòmasyon sa yo.
Nan gade pi fon nan kredi zanmi an mwen wè yon dèt 23 mil dola. Se lajan li prete pou aht yon machin. Pou konfime, m mande l sil te achte machin; li di m wi sa gen 5 mwa depi l achte yon machin. M mande l ki mahin ou achte pou kòb sa. Li achte yon machin 2012 ak plis pase 88 mil kilomèt sou li, anviwon 60,000 “miles”. Mwen sezi . Mwen pa kwè. Lè m mande l ak ki enterè, li pa konnen. Li sèlman konnen kantite kòb l ap peye chak mwa. An reyalite dilè a vann li machin nan ak yon to enterè 15% pa ane pou 5 lane. Rale kalkilatris ou konte. An bon kreyòl m di zanmi an yo “pete” l.
Menm jan ak zanmi sa, 4 sou 5 ayisyen mwen pale ak yo pa konn ak ki to enterè yo achte machin, kay oswa lòt bagay yo achte kredi. Depi yo gade yo wè yo ka peye kantite kòb bank lan mande pou peye chak mwa yo pran l. Yo pa poze kesyon. Anpil fwa yo ta poze kesyon men yo pè. Sitou majorite kote yo ap achte yo pa gen moun ki pale kreyòl. Moun k ap vann nan pa konn afè w. Se vann l ap vann. Se ou ki pou defann enterè w. Se pa pou gramesi anpil ayisyen toujou ap pèdi kay yo oswa machin yo paske yo pa ka peye. Vre rezon an, anpil fwa, to enterè yo trò wo. Lè yo vin reyalize sa li konn trota.
An reyalite, lè konpatriyòt nou yo pral achte yon bagay ki enpòtan yo pa kontakte moun ki konnen pou bay yo konsèy. Nou plis renmen di yon zanmi pou yo ka wè nap fè pwogrè. Se vre nou soti nan yon peyi kote yo pa fè edikasyon finansye nou, men nou dwe louvri je nou nan yon sistèm ki chita sou sèlman fè lajan. Lè nou pral achte yon bagay kredi, fòk nou poze kesyon pou n gen tout enfomasyon ki enpòtan. Tankou to enterè ak kantite pou fin peye dèt la. Ou ka paka deside ki to enterè pou w peye, men w ka diskite nan konbyen tan w ap peye dèt la ak ki kantite kòb ou ka peye chak mwa. Pa kite yo enpoze w kantite pou w peye.
Pa bliye enfomasyon se kle. Si w pa konnen fòk ou mande. Pa al foure tèt ou nan yon tou pou w pa ka soti pou kò w. Si non wap fè menm jan ak zanmi m nan: peye yon machin 2012 ak 88 000 kilomèt pi chè pase yon machin 2020 pou menm kantite ane a. Machin li an gen chans pou l fin kraze epi l poko fin peye dèt la.