{"id":2135,"date":"2021-05-27T19:26:20","date_gmt":"2021-05-27T19:26:20","guid":{"rendered":"https:\/\/pawollavi.com\/?p=2135"},"modified":"2021-05-27T20:47:32","modified_gmt":"2021-05-27T20:47:32","slug":"degepisman-legal-ak-rebelyon-nasyonal-pou-libere-peyi-a","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/pawollavi.com\/en\/degepisman-legal-ak-rebelyon-nasyonal-pou-libere-peyi-a\/","title":{"rendered":"Deg\u00e8pisman legal ak Rebelyon Nasyonal pou Libere peyi a !"},"content":{"rendered":"\n<p><strong><em>Nan yon n\u00f2t li mete dey\u00f2 jounen jedi 27 me 2021 an, Matris Liberasyon mande popilasyon an pou f\u00e8 rebelyon epi deg\u00e8pi Jovenel Moise ak tout PHTK. Pawol Lavi pibliye l nan tout entegralite l<\/em><\/strong>.<\/p>\n\n\n\n<p>Apr\u00e8 29 lanne gwo soufrans kalamite, move jesyon, trayizon, piyay ki trav\u00e8se rejim makout Divalye yo, apr\u00e8 p\u00e8p ayisyen an fin s\u00e8mante 29 mas 1987 pou kouri d\u00e8y\u00e8 tout pratik boutdi ki pa bobo ak lespri demokrasi nan peyi a ; se av\u00e8k anpil lap\u00e8n Matris Liberasyon (ML) konstate nan 10 d\u00e8nye lanne sa yo, peyi a touche bafon nan decheyans li a ak rejim payas PHTK a!Konsa, depi 7 fevriye 2021, malgre Konstitisyon 1987 la nan atik 134-2 a konstate manda gouv\u00e8nman defakto PHTK a rive nan bout li ; otorite ilegal sa yo vle antere peyi a nan yon twou san fon ki lak\u00f2z machin diktati a p\u00e8di fren nan yon wout sans inik kote se s\u00e8l rezistans popil\u00e8 ki ka frennen l!<\/p>\n\n\n\n<p>1- Nan chapit k\u00f2ripsyon : \u2212 Rejim defakto a kontinye f\u00e8 gag\u00f2t nan tout administrasyon piblik la, foure men byen fon nan k\u00e8s leta pou f\u00e8 lob\u00e8y moun sou moun nan inogirasyon yon kannal nan maryon. \u2212 Yo rale 20,000.000 milyon dola v\u00e8t k\u00f2b kontribiyab yo pou f\u00e8 Kr\u00e8y elektoral la. \u2212 Yo voye Gonzague Day ak mal\u00e8t lajan nan peyi etazini pou al separe nan kanpay referand\u00f2m sankoutcha.<\/p>\n\n\n\n<p> 2- Nan chapit Ensekirite, banditis deta : \u2212 Rejim Gang Galil la debloke yon mago lajan pou separe pa sak bay milis G9 pou f\u00e8 yon ti tr\u00e8v sou kidnapin nan lide pou kreye kondisyon pou maskarad REFERAD\u00d2M 27 jen an.\u2212 Yon l\u00f2t kote rejim PHTK a ranf\u00f2se lapolilis la ak manm gang G9 ak gang galil pou kontinye f\u00e8 masak ak represyon sou popilasyon an.<\/p>\n\n\n\n<p> 3- Nan nivo Bras diplomatik : \u2212 Mafya PHTK yo desann eskanp figi peyi a byen ba nan anboche yon dal ti raket\u00e8 politik nan mete yo nan tout konsila ak anbasad Ayiti sou rek\u00f2mandasyon k\u00f2mandman milis G9 ak Gang Galil.\u2212 Se premye fwa nan listwa peyi a, diplomasi a desann nan yon eta par\u00e8y. Sa ki pa f\u00e8 lon\u00e8 peyi a ak tout sa zans\u00e8t yo kite pou nou k\u00f2m eritaj.<\/p>\n\n\n\n<p>4- Nan chapit degradasyon Sosyal : \u2212 Miz\u00e8 mete majorite popilasyon an ajenou. \u2212 Pwodui premye nesesite ap monte bwa, goud la ap pran anpil soufl\u00e8t nan men dola la.\u2212 Pouvwa dacha popilasyon an ap diminye pandan sal\u00e8 ouvriye piblik kou prive pa ajiste. \u2212 San konte majorite moun nan popilasyon an ki pap leve ni lou ni lej\u00e8 fas ak yon rejim defakto manfouben.<\/p>\n\n\n\n<p>5- Nan Chapit Lasante : \u2212 Maskarad Kanaval k\u00f2ripsyon Podep\u00e8 a ekspoze popilasyon an fas ak viris pandemi kowona a ki te k\u00f2manse retounen anf\u00f2s.\u2212 Kowona ap f\u00e8 dega nan peyi a kounye a, pandan rejim manfouben an se zaf\u00e8 koutay sou vaksen lawont l ap kalkile!\u2212 Yo lage p\u00e8p Ayisyen an 2 bwa pandye devan dega Maladi a ap f\u00e8 toupatou pandan Leta ensousyan an se Referand\u00f2m ki enterese l.Apre tout konsta sa yo, Matris Liberasyon dekrete nan tout peyi a apati mwa Jen an, operasyon : DEG\u00c8PISMAN LEGAL ak REBELYON NASYONAL pou sove Konstitisyon 1987 la anba grif makout woz yo!<\/p>\n\n\n\n<p>MATRIS LIBERASYON kw\u00e8 se s\u00e8l deg\u00e8pisman Jovenel Moise nan pal\u00e8 a li pran an otaj depi 7 fevriye 2021 d\u00e8y\u00e8 do atik 134 manman lwa peyi a, ak Dechoukay Pouvwa t\u00e8t Kale a, k ap f\u00e8 peyi a rale yon souf toutbon. Pou operasyon deg\u00e8pisman legal ak rebelyon kontitisyon\u00e8l la posib, Matris Liberasyon mande :Pou tout f\u00f2s pwogresis ki nan sekt\u00e8 politik la ak nan sosyete sivil la, reyalize yon gwo konbit t\u00e8t ansanm pou voye yon siyal lespwa pou bay mas yo ak tout p\u00e8p ayisyen ankadreman neses\u00e8 pou rive debarase peyi a ak pwazon PHTK a.<\/p>\n\n\n\n<p>Matris Liberasyon rete kw\u00e8 se nan batay moun pran konsyans pou kanpe yon sosyete ki granmoun t\u00e8t li! Communication ML matrisliberasyon33@gmail.com <\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nan yon n\u00f2t li mete dey\u00f2 jounen jedi 27 me 2021 an, Matris Liberasyon mande popilasyon an pou f\u00e8 rebelyon epi deg\u00e8pi Jovenel Moise ak tout PHTK. Pawol Lavi pibliye l nan tout entegralite l<\/p>\n","protected":false},"author":7,"featured_media":2137,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"_monsterinsights_skip_tracking":false,"_monsterinsights_sitenote_active":false,"_monsterinsights_sitenote_note":"","_monsterinsights_sitenote_category":0,"_lmt_disableupdate":"","_lmt_disable":"","footnotes":""},"categories":[1,9],"tags":[47,46,45,43,44],"class_list":["post-2135","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-aktyalite","category-politik","tag-ayiti-diktati","tag-nouvo-konstitisyon","tag-pep-ayisyen-nan-soufrans","tag-referandom","tag-referendum"],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/pawollavi.com\/en\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/2135","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/pawollavi.com\/en\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/pawollavi.com\/en\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/pawollavi.com\/en\/wp-json\/wp\/v2\/users\/7"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/pawollavi.com\/en\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=2135"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/pawollavi.com\/en\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/2135\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/pawollavi.com\/en\/wp-json\/wp\/v2\/media\/2137"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/pawollavi.com\/en\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=2135"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/pawollavi.com\/en\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=2135"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/pawollavi.com\/en\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=2135"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}