Aprann Kijan Pou Jere Kredi Kat Ou, Ak Tcheke Kredi w Souvan Ka Fè Sitiyasyon Finans Ou Fleri!

otè Joseph Peguy

Li ap bon pou ou anpil si w konsidere kredi w tankou yon gato. Epi gato sa reprezante bon sante finansye w. Jan ou jere gato sa montre bank yo ki jan de moun ou ye nan jesyon lajan. Kit lajan pou ou, kit li pa pou ou.

Gato sa n ap divize l pa tranch, chak tranch sa yo reprezante plizyè faktè ki ale nan kantite pwen (credit Scores) ki nan kredi w. Yon gro moso nan gato a se kantite lajan ou itilize nan kat kredi a, yon lòt pati se pousantaj itilizasyon nan kat kredi a. Laj Kredi a se yon lòt tranch nan gato a, mete sou li move konpòtman nan pa peye dèt( derogatory) ki chita ap dodo meya nan rapò kredi w.

Apre sa gen yon ti kras ki rete nan gato a ki se plede kite yo ap tcheke kredi ( Hard inquiries). Chak fwa ou aplike pou yon kat kredi ou retire ti moso nan ti pati gato sa. Men ki sa ki “Hard Inquiry, e ki enpak li gen sou kredi w?

Ann komanse ak moso ki pi piti a

Kisa yon “Hard Inquiry” ye?

Annou di se yon ankèt serye yo ( bank oswa biznis ki prete moun lajan) menen sou ou pou gade disiplin nan jere kredi w. Tchèk sa pèmèt yo pran desizyon si pou yo ba w sa w ap chache a oubyen non. Anpil fwa yo fè sa lè w aplike pou prete lajan pou achte kay( Mortgage), prete lajan kach oswa kat kredi. Pou yo fè sa ou dwe otorize yo. Si w pa otorize yo fè sa yo paka fèl, sinon ou ka lage yo nan cho. Nap wè sa pi ba.

Plede kite yo cheke kredi w ap fè w pèdi kèk pwen men li pa gen twòp efè sou kredi a an jeneral. Nan plizyè ka, yon senp tchèk yo fè sou kredi w enpòtan anpil nan kalifye w pou yon kat kredi oubyen prete lajan( Loan). Anpil fwa li disparèt sou kredi a san l pa t ko gen gwo enpak sou li. Pa bliye li ka chita nan kredi w pandan 2 lane. Men apre 3 mwa ou ta dwe resevwa pwen ou te pèdi yo.

Sa gen dwa pa parèt mal pou ou, men ou dwe reflechi anpil avan w aplike pou yon bann kat kredi nan menm tan. Plizyè .“hard Inquiry” nan yon ti tan kout ap fè bank yo panse ou se yon moun yo paka fè konfyans. Y ap reyalize yo paka pran twò gwo risk avè w. Y ap konprann byen vit ou gen pwoblèm lajan cash epi w ap chache pou w prete lajan byen vit. Li montre bank yo ki jan de moun ou ye nan jesyon lajan. Ki t lajan pou ou, kit li pa pou ou. Pou sa eseye pran 3 a 6 mwa anavan w aplike pou yon lòt kat kredi.

Kisa «Soft inquiry”ye ?

“Soft inquiry” a se lè yon moun oubyen yon konpay tcheke kredi w nan kad yon “background check”. Li jis bezwen gen yon ide sou kredi w. Sa ka rive lè yon bank bezwen ofri w sèvis li. Yo gade pou wè pou ki kalte kredi ou ka kalifye. Lè sa yo pa bezwen otorizasyon w pou fè sa. Kote w aplike pou travay ka fè sa tou avan yo anplwaye w. Anpil fwa yo tcheke kredi w ou pa menm konn sa.

Kontrèman ak “Hard inquiry” « soft inquiry » a pa afekte pwen ki nan kredi w. Ou ka pa menm wè l nan rapò kredi w tou depan de biwo kredi a. Si l nan rapò kredi a se sèl ou menm kap wè l lè w tcheke kredi w.

Ou ka tcheke kredi w kantite fwa ou vle. Li pap afekte « credit score » ou. Meyè moun ki ka ede w repare kredi w se ou menm. Men ou ka jwenn moun tou ki konn fason sistèm nan mache pou ede w pi byen.

Diferans ant “Hard” ak “Soft inquiry”

Diferans lan chita nan si w te bay otorizasyon pou fè l ou non. Si w te aksepte yo tcheke kredi w , gen anpil chans pou l al chita nan rapò kredi w. Si w pat bay fè l li dwe chita kòl kòm « soft ». Si yo fè l yo pa diw , ou ka akize yo tankou yo vòlò idantite w.

Ann gade kèk egzanp “Hard inquiry” ki ka blese kredi w.

Lajan pou acht kay (Mortgage)

Lajan pou achte machin (Auto loan)

Aplikasyon pou kat kredi

Lajan pou peye lekòl (Student loan)

Lajan cash (personal loan application)

Lwe kay (appartment rental application)

Kèk egzanp pou “Soft inquiry” ki pa gen enpak sou kredi w

Tcheke kantite pwen nan krediw sou entènèt

Pou yo pre-kalifye pou kat kredi

Pou yo pre-kalifye pou asirans

Verifikasyon pou travay( background check

Mete nan tèt ou gen lòt tip tchek ki ka parèt nan kredi w. Pa egzanp, Bil dlo, kouran, kab, entènèt ak konpayi telefòn ka tcheke kredi w lè w ap aplike pou sèvis yo.

Kijan pou defann(dispute) “Hard inquiry “ ki nan rapò kredi w?

Li enpòtan pou cheke kredi w souvan. Si w remake gen yon erè, tankou Hard inquiry ki fèt san pèmisyon w, kouri al diskite sa ak biwo kredi a. Oubyen ou ka kontakte « Consumer Financial Protection Bureau (CFPB) » pou ka fè swivi pou ou. Oubyen rele yon moun ou konnen ki se yon especialis nan domèn nan. Pa bliye ou ka fè sa pou kont ou.

Rezon kif è ou dwe kouri al regle sa li kapab se vòlò yo vòlò idantite w. Men avan w fè tout demach fòk ou reflechi pou w wè si se pa bliye ou bliye. Ou ka diskite l selman si w pa t bay otorizasyon. Lè sa y ap retire nan rapò kredi w. sinon lap rete la pou 2 lane.

Li enpòtan pou cheke kredi w souvan. Si w remake gen yon erè, tankou Hard inquiry ki fèt san pèmisyon w, kouri al diskite sa ak biwo kredi a

Kijan pou minimize enpak « hard inquiry” sou kredi w

Lè w ap achte yon kay oswa yon machin, pa kite pè fè w pa chache pi bon to enterè. Anpil fwa moun yo gen tandans al nan yon sèl bank pou prete lajan pou achte kay oswa machin paske yo pavle yo tcheke kredi yo tròp. Pa fè sa.

Biwo kredi tankou FICO bay 30 jou gras anvan kredi tchek la parèt nan « FICO credit scores ». FICO ka konsidere tout tchèk ou fè yo tankou yon sèl si yo fèt pou menm tip kredi a pandan yon peryòd kip a trò long. Pa egzanp si pandan 2 semèn gen 4 bank ki tcheke kredi w pou w ka achte yon machin, FICO ap konsidere l tankou yonn. Sa vle di soti premye jou ou komanse bay tcheke kredi w la ak lè pou FICO pibliye l la li fè 45 jou. Si kredi w enpòtan pou ou wap swiv byen pou w anpeche yo blese kredi w.

Kenbe sa

Kredi w jwe yon wòl enpotan nan sante ekonomik ou. Ou ka gen lajan nan men w gen bagay ou paka regle si kredi w pa bon. Anvan w aplike pou kredi, pran tan w pou konstwi “Credit scores”w. Ak yon kredi ki fò ou ka mete tout chans bò kote w pou yo aprouve prè ou bezwen an e jwenn to enterè ki pi ba. Disiplin se kle siksè.

Prochen atik la ap montre w kijan pou w itilize kat kredi w pou w ogmante pwen nan rapò kredi w. Nou pral montre w kijan pou w itilize pi gwo pati nan gato a.

Ou ta dwe renmen

Kite yon komantè