Men kisa ou  dwe fè nan yon sitiyasyon difisil

otè Joseph Peguy
credit photo: dreamstime.com

  1. Chache Konprann Sitiyasyon an
foto: Ernst Georges

Chak moun, omwen yon fwa, konnen yon moman difisil nan lavi li. Anpil fwa sitiyasyon estresan e difisil yo konn parèt nan moman nou pa t atann ak sa. Sa fè anpil fwa nou pa konn kijan pou n retire tèt nou e vanse pi devan.

Menm jan ak nou mwen pase anpil moman difisil e ki te estresan. Mwen toujou jwenn yon fason pou m soti nan moman difisil yo e pa kite yo afekte m twòp. Nan Atik sa m ap pataje ak nou kèk konsèy ki ka pèmèt nou fè fas ak sitiyasyon sa yo.

Pran yon ti tan pou w reflechi sou sitiyasyon w ap viv la.

Eseye dekri l nan pwòp mo pa w epi gade ki sa ki estresan nan sa w ap viv la. Ekri nenpòt sa k pase nan panse w. Pa egzanp: Mwen ak Fanmi deside pou al rete nan yon lòt Eta Ozetani nan mitan ane a. Kèk mwa apre mwen te komanse fè fas ak pwoblèm lajan. Paske, kontrèman ak sa m te prevwa, mwen te fè mwens lajan. Mwen te nan yon sitiyasyon m patka reponn kòm sa dwa ak responsabilite m. Sa te mete m nan yon estrès paske se premye fwa m te nan yon sitiyasyon konsa.

Idantifye  sa w santi parapò ak pwoblèm oswa sitiyasyon difisil ou ye

Sa w santi a se yon bagay pou yon ti bout tan. Nan sitiyasyon difisil anpil move lide ka pase nan tèt nou. Konsa tou se moman pou vini ak kèk bon lide. Pa kite sa w santi a fè w pran move desizyon. Se yon bagay nòmal pou w santi sa w santi a nan kalte pwoblèm ou ye a. Pa egzanp : Mwen te santi m fèb kòm gason parapò ak responsabilite m. Mwen te komanse blame tèt mwen paske m te deplase san m potko byen pare pou sa. Mwen te santi fanmi m pral soufri pou tèt desiszyon sa.

Mwen te vin rann mwen kont nenpòt moun ki responsab t ap panse menm jan avè m nan yon sitityasyon parèy. Idantifye santiman w parapò ak pwoblèm nan ap ede jwenn solisyon pi vit

Eseye aprann (tire leson) sou sitiyasyon w ap viv  la

Sitiyasyon difisil yo dwe tankou yon lekòl pou ou. Gade pwoblèm nan nan fon l pou w pa repete l ankò. Pale ak kèk moun ou fè konfyans.  Plis ou aprann se plis konfyans ou ap geyen nan tèt ou pou pran pi bon desizyon pou soti nan sitiyasyon ou ye a. Epi pa janm bliye ou pa sèl moun ki nan sitiyasyon sa.

  1. Kenbe yon atitid Pozitif

Atitid pozitif la se kle k ap pèmèt ou wè tout opòtinite sitiyasyon difisil ou ye a ap pote. Atitid positif la ap ba w zouti pou rezoud pwoblèm ki pi difisil yo. Atitid negatif yo ap bouche je w. Yo bare tout posibilite pou retire tèt ou nan pwoblèm.

Pa kite lespri negatif chita anndan w

Lespri negatif la ap sèlman fè w wè move kote nan sitiyasyon w ap viv la. Li pa pèmèt ou dekouvri oswa wè potansyalite ou genyen pou rezoud pwoblem ou an. Li fè w pèdi yon bann tan. Fè atansyon pou panse negatif yo pa fè w kwè ou pa ka soti nan sa w ye a. Pa bliye negativite se yon maladi kontajye. Nan sans sa si anviwonnman w negatif sa ap aji sou pwoblèm ou bezwen rezoud la. Pa koute moun k ap ba w konsèy negatif yo. Tout solisyon ak pwoblèm yo la men fòk pou fokis sou solisyon men pa pwoblèm nan.

Aprann apresye Bon Bagay ki rive nan lavi w

Pwoblèm ou gen jodi a pa dwe fè w bliye kote w soti. Tout bon bagay ou reyalize naan lavi . Fè yon kout je gade dèyè epi di tèt ou : ” mwen soti lwen”. Yon ti moso gratitid ap ede w vanse pou chanje sitiyasyon difisil ou ye jodi a. Imajine kèk bagay ou fè deja. Petèt yo te pi difisil pase pwoblèm w ap jere jodi a. Gratititid anvè tèt ou se yon sewòm pou ede w rezoud pwoblem ou ladan l lan.

  1. Poze Aksyon

Deside ki sa w ka fè. Li enpòtan pou w gade ki sa w ka fè pou soti nan yon sitiyasyon difisil. Tankou nan ka pa m nan mwen te deside pou m fè plis tan travay pou m te ka ranpli vid ki te geyen yo. Epi mwen te redui enpe nan depans mwen yo. Mwen te planifye sa ak patnè m. Chanje abitid se yon nan gwo aksyon ou ka poze pou rezoud pwoblèm w ap rankontre a. Anpil moun di fòk ou “ Soti nan zòn konfò a”.

Chache sipò lòt moun

Chache moun ki ka ba w bon konsèy oswa sipòte w nan moman an. Li kapab nenpòt kalte sipò. Chache moun ki kwè nan ou. Chache moun ki ka fè w ri tou. Souri ka pote anpil enèji pou ou. Jwenn yon moun ki ka koute w e ki pre pou pale avè w tou. Petèt moun sa te nan sitiyasyon parèy pa w la. Koute moun sa ak anpil atansyon.

Pran swen tèt ou

Nan sitiyasyon difisil li enpotan pou w panse ak sante w. Anpil fwa move moman yo yo fè nou bliye pran swen tèt nou. Tankou manje e dòmi byen. Menm si pwoblèm nan ta vle koupe apeti w fè yon fason pou amelyore sa. Si w pa an sante ou pap ka rezoud pwoblèm ou yo. Se vre sitiyasyon an difisil men ou bezwen relax ou tou. Se yon remèd. Si w renmen mizik ou ka distrè w ak kèk bon ti mizik rekonfò tou.

Moman difisil yo konn vini pou teste fòs ak kapasite pou fè fas ak lavi. Kelkeswa pwoblèm ou geyen an li ka ede w trase chemen w pi byen. Men se fason w ap jere l la ki pral detèmine ki pòt soti w ap geyen. Pa neglije kenbe yon atitid pozitif, jwenn konsèy nan men lot moun ki pozitif. Se pi bon mwayen pou fè fas ak move moman nan lavi sa. Pa bliye ou se yon rozo. W ap pliye pandan move tan apre sa w ap kanpe pi rèd.

Pa neglije pataje atik sa ak kèk moun ou panse l ap itil.

* Otè atik la pa yon espesyalis nan domèn devlopman pèsonel. Li pataje eksperyans pèsonèl li ak lòt enfomasyon li jwenn nan kèk sous konbine. Tou depan konteks yon moun, konsèy sa yo gendwa pa mache. Nan moman difisil yo li enpòtan pou konsilte yon espesyalis.

Peguy Joseph

Ou ta dwe renmen

Kite yon komantè